Explore
Also Available in:

Yon Istwa Ansyen Pat Dantifris

de David Catchpoole

5819-egypt-pyramids

Yo te jwenn yon fòmil pat dantifris Ejipsyen date 4èm syèk apre Jezi Kris nan yon koleksyon dokiman papiris nan Bibliyotèk Nasyonal la nan Vyèn, Otrich.1,2 Ak lank nwa (kounyeya pal apre 1,500 lane) fèt ak swi e gòm arabik melanje ak dlo, yon ansyen eskrib Ejipsyen te ekri ak swen yon resèt “pou dan blan e pafè.”3 Sa fè li resèt lemonn konnen pi lontan pou pat dantifris.

5819-toothpaste-iris
The iris flower is a main ingredient in the ancient dental formula discovered recently by researchers.

Fòmil la, prezante nan yon kongrè entènasyonal resan sou dan, te gen ladan li mant, sèl, grenn pwav e—petèt konpozan pi aktif la—flè iris’sèch. Yo di nouvèl ansyen fòmil la “te koze yon sansasyon” nan mitan dantis yo nan kongrè a.2 Chèchè sou dan dekouvri resaman pwopriyete benefik iris—ke yo jwenn se yon ajan efikas kont maladi jansiv—ke kounyeya yo antre nan izaj komèsyal.

Ansyen pat dantifris Ejipsyen sa a dekri kòm pat dantifris “te annavan lè li.”1 Anvan lane 1873, lè Kòlgat te lanse premye pat dantifris komèsyalman prepare a, pifò moun te konte sou yon melanj savon e dlo sale—yon konpozisyon bokou mwens efikas.

Yon dantis, ki te asiste kongrè entènasyonal la e nan reyalite te eseye pat dantifris pike a li menm, te di: “Mwen te jwenn ke li pa’t’ move,” e , “apre sa mwen te santi bouch mwen fre e pwòp.”

Resèt pat dantifris 4èm syèk la te nan mitan yon mas dokiman papiris yo te achte nan lane 1878 apre yo te jwenn yo sou yon pil fatra andeyò ansyen vil Ejipsyen Kwokodilopolis. Doktè Èmàn Arawè (Hermann Harrauer), ki dirije koleksyon papiris la nan Bibliyotèk Nasyonal Otrich4 e ki te dekouvri resèt lontan pèdi a, te esplike pi lwen: “Kòm papiris te difisil pou jwenn, souvan li te reyitilize, e dokiman sa a te gen ekri sou do li detay korespondans ant monastè, sa ki te enplike ke petèt moun ki te ekri li te gen rapò ak yo nan kèk fason.”2

5819-toothpaste-egyptian

Doktè Arawè te kontinye: “Petèt li te yon mwàn. Bò katriyèm syèk apre Jezi Kris, Ejip te krisyanize e mwàn kretyen te doktè tou, e sa ta koresponn ak sa nou konnen.” Epòk ekriti a te fèt te rive menm lè ak peryòd gran teyolojyen kretyen (e kreyasonis) “Bazil Legran,”5 Achevèk Sezare, ki te renonmen pou anfaz li te mete ke kominote monastik dwe pratike swen sante e medikal modèn. Doktè Arawè te di ke se te “yon moun ki te klèman gen konesans medikal, tankou li te itilize abrevyasyon’tèm medikal, ki te ekri fòmil pat dantifriz la.”2

Pou sila yo ki abitye panse nan fason evolisyonè, sètadi ki konsidere premye moun kòm “primitif,” dekouvèt nivo teknoloji avanse konsa nan premye kilti yo kapab souvan yon reyèl revelasyon. Tankou yon dantis ki te asiste reyinyon an kote resèt la te devwale te kòmante: “Pèsonn nan pwofesyon dantè a pa’t’ gen okenn lide ke yon fòmil pat dantifris avanse konsa te egziste nan tan lontan an.”1

Kontrèman, rapò ke ansyen Ejipsyen e lòt pèp te envantif menm jan ak pèp jodi a pa dwe etone kretyen—Bib la di moun te kreye “totalman moun” sou Sizyèm Jou Senmenn Kreyasyon an, sèlman anviwon 6,000 lane pase.6 Se pa etonan ke entèlijans moun ansyen kontinye fè kreyasyonis plezi e siprann evolisyonis!

Referans e nòt

  1. Viegas, J., Oldest Toothpaste Formula Used Iris, Discovery Channel, , 11 February 2003. Întoarcete la text.
  2. Zoech, I., The ancient Egyptian recipe for toothpaste, The Telegraph (UK), , 4 August 2003. Întoarcete la text.
  3. The formula was written in Greek, the official language of Egypt for about 1,000 years until the last temples closed in the sixth century AD. Ref. 2. Întoarcete la text.
  4. The recipe was discovered among part of the largest collection of ancient Egyptian documents in the world—180,000 items up to 3,500 years old, including stone and clay tablets—gathered by the Hapsburgs, the rulers of the Austro-Hungarian empire. Ref. 2. Întoarcete la text.
  5. Some accuse creationists of taking an excessively literal view of Genesis, and assert that this is a recent phenomenon, i.e. that Christians in the early church took an allegorical view of Genesis. The writings of Basil show otherwise. See Batten, D., Genesis means what it says: Basil (AD 329–379), first published in Creation 16(4):23, 1994. Întoarcete la text.
  6. The obvious implication is that man was highly intelligent from the start, and developed technology as time progressed. The Bible tells us that even before the first man and woman had finished having children, their older children were growing crops and raising livestock (Jenèz 4:2,25). Early man had music, musical instruments, and could forge ‘all kinds of tools out of bronze and iron’ (Jenèz 4:21–22). Întoarcete la text.