Senj, Pawòl e Moun
de Alexander Williams
Plizyè lane pase yon zanmi mwen te di, pou reponn defi biblik mwen kont lide evolisyonè
teyis li: “Si Bondye pa t’ devlope nou sòti nan senj, poukisa Li te
fè nou tèlman sanble ak yo?” Mwen pa t’ gen yon repons!
Repons mwen jou sa yo se ke Bondye te vle kenbe nou enb nan fè nou sonje kontinyèlman
ke nou se moun kreye. Tankou sa ye, dominasyon lòm pechè sou kreyasyon an karakterize
ak awogans, esplwatasyon e, nan kèk ka, kriyote. Imajine kòman sa ta kapab pi mal
si pa t’ gen okenn mamifè sou Latè, okenn kreyati fouri san cho pou fè nou
sonje tèt nou. Si lavi a te gen sèlman reptil, anfibi, zwazo, pwason, envètebre,
plant e mikwòb, lòm ta tèlman diferan ak tout lòt kreyati ke li ta san dout tonbe
menm pi rapidman nan pyèj li se yon “bondye” pou tèt li a.
Malgre tout piblisite san sans ki anviwonnen resanblans jenetik ant lòm e lòt kreyati,
tout moun konnen ke nou diferan. Diferan anpil. Men kòman diferan?
Lang moun
Maten Nowak, lontan pwofesè Byoloji Matematik nan Inivèsitè Òksfòd e kounyeya Direktè
pwogram lan nan Byoloji Teyorik nan Enstiti pou Etid Avanse nan Prenston, di ke
lang moun se “petèt trè pi enteresan ki parèt nan 500 milyon lane pase yo.”1
Se pawòl evolisyon pou evènman pi enpòtan an depi orijin lavi miltiselilè a. Bagay
estrawòdinè a konsènan lòm, dapre Pwofesè Nowak, se lang.
Tout animal kominike. Zwazo chante, chen jape, myèl fretiye (“danse”),
chenpanze fè jès ak figi yo e gwo bri. Menm foumi—lè yo pase kote yonn lòt,
yo touche byen brèf e kominike enfòmasyon konsènan sous nouriti e aktivite nich.
Men se sèl moun ki gen lang sentaktik.
Lang sentaktik se abilite pou itilize senbòl nan konbinezon san limite.
Tout kominikasyon senbolik—yon son oubyen yon siyal mantalman asosye ak yon
siyifikasyon patikilye. Yon chen kapab jape mèt li yon byenvini oubyen yon avètisman
pou yon enkoni. Senj kapab enstwi pou itilize siy kòm senbòl, men nan jeneral va
senpleman itilize yon sèl senbòl pou yon sèl lide. Yo kapab mete kèk senbòl ansanm,
men restriksyon yon sèl senbòl/yon sèl lide a rete, e lòd senbòl yo pa va gen okenn
siyifikasyon espesyal. Men moun kapab pran yon alphabèt 26 lèt (nan ka lang Anglè
a) e konstwi ak li yon varyete espresyon enfini, sòti nan woman epik tankou Lagè
e Lapè rive nan ansiklopedi konnesans diferan tòm. E non sèlman senbòl
yo transmèt siyifikasyon espesyal, men lòd yo nan sekans lan transmèt tou. Yon senj
kapab itlize yon sèl senbòl pou endike yon flè, men yon moun kapab ekri yon bibliyotèk
liv sou sijè a epi toujou pa fini epize posibilite yo.
Kounyeya kreyasyonis kapab imedyatman idantifye bi ki dèyè lang moun lan: Bondye
te ban nou lang pou nou kapab kominike ak Li e yonn lòt. Men kòman evolisyonis esplike
orijin lang lan? Repons kout la se: “Yo pa kapab.”
Aprantisaj lang
“Paradòks akizisyon lang”2
lan ale konsa: depi nan bebe, timoun aprann lang manman yo nan tande paran yo itilize
li, poutan pèsonn pa anseye jenn timoun yo règ lang lan, paske nan pifò ka paran
yo pa menm konnen règ yo—yo senpleman itlize lang lan jan paran yo te itilize
li. Yon solisyon pwopoze pou paradòks sa a se ke timoun lan aprann règ lang lan
nan tatonnen sa li tande kont yon seri gramè kandida limite ki bati nan yo depi
yo fèt. Seri gramè kandida sa yo ki bati nan yo depi yo fèt rele “gramè inivèsèl.”
Evolisyonis pa renmen lide yon gramè inivèsèl bati nan yo depi yo fèt la paske sa
bay lide planifikasyon, men evidans lan pa sanble pèmèt yo okenn chwa esplikasyon.
Kantite gramè kandida ki genyen nan gramè inivèsèl la dwe depase 6,000 lang moun
konnen yo, men li pa kapab san limit. (Sa gen ladan langaj siy, ke moun soud itilize
nan menm zòn sèvo a menm jan moun ki tande itilize pou lang pale.3 Sa soutni pi lwen gramè inivèsèl ki bati nan yo
depi yo fèt la, e sa endike ke gramè inivèsèl pa menm depann sou son.) Si te gen
yon kantite gramè kandida san limit pou chwazi ladan yo, timoun lan pa ta janm kapab
rive idantifye gramè kandida kòrèk la. Sa se paske lang chanje ak tan e pa janm
gen yon egalite pafè ant sa ki tande e vèsyon “ideyal” ki bati nan yo
depi yo fèt la. E tankou li ye, poutan, metòd la egzak e si—tout timoun nan
yon kominote ki pale yon sèl lang grandi pou pale menm lang lan (esepte si yo domaje
fizikman, natirèlman). Sa siyifi ke yo tout dwe gen nan yo menm modèl pou lang patikilye
sa a.4
Kòman yon sistèm konsa kapab devlope pamwayen mitasyon e chwa natirèl? Men kòman
Nowak e zanmi li yo te eseye esplike sa.
“Evolisyon” lang
Premyèman, nou dwe note ke “lang se pa pwopriyete yon sèl moun, men …
yon popilasyon.”5 Chak moun
dwe genyen li, sinon sa p’ap mache. Sa pa sifi pou yon sèl moun gen plizyè
milye gramè kandida bati nan yo depi yo fèt, ak yon lang patikilye “adispozisyon,”
dwe gen tout yon kominote moun konsa!
Konsa yo kòmanse ak senaryo evolisyonè yo a: “Gen yon popilasyon moun. Chak
moun itilize yon lang patikilye.”3
Yo kòmanse ak chak moun ki deja kapab pale yon lang patikilye! Apre sa yo sigjere
yon “sivi pi konvnab” senaryo Dawinyen pou deside ki lang patikilye
fini ak pi gran kantite itilizatè.
Esplikasyon evolisyonè yo konsènan gramè inivèsèl la kòmanse nan yon fason sanblab:
“Imajine yon popilasyon moun ki itilize [yon kantite diferan] gramè inivèsèl,”
epi yo te kontinye ak yon lòt “Sivi pi konvnab” senaryo pou wè kilès
ki genyen.3
Konsa, pou esplike gramè inivèsèl, ou bezwen kòmanse ak gramè inivèsèl. Pou esplike
diferan kalite lang, ou bezwen kòmanse ak diferan kalite lang. Pou esplike kòman
yon kominote kapab kominike nan itilize lang, ou dwe kòmanse ak yon kominote ki
kapab kominike ak lang. Se pa senpleman yon agiman sikilè men yon agiman sikilè
konplètman antrelase e mityèlman entèdepandan!
Espesyalis dakò
Emeritis Pwofesè Luigi Kavali-Esfòza nan Inivèsite Estannfòd dènyèman te ekri yon
liv sou travay lavi li sou relasyon ant jenetik Moun, jeyografi e lang.6 Li dekri nan liv la kòm “prensipal espesyalis
mondyal sou jenetik popilasyon moun … ki pou senkannsenk dènye lane yo t’ap
devlope metòd envantif pou konprann istwa chak moun … konsènan fason espès
nou devlope e gaye, ki mennen nan diferan ras, kilti e lang.”
Kavali-Esfòza dakò ak Nowak ke lang se prensipal karakteristik ki distenge nou ak
senj yo.7 “Ti moun fèt ak
tandans e abilite pou aprann yon lang … sa mande yon fondasyon anatomik e
newolojik presi,” ke senj pa genyen, e ke Kavali-Esfòza kwè te prezan nan
premye zansèt nou yo.8
Pwoblèm pou evolisyon
Si lang te devlope nan yon mànyè gradyèl Dawinyen, nou ta espere kèk “primitif”
e kèk “avanse,” men li rekonèt ke pa gen okenn lang “primitif.”
Tout moun kontanporen itilize lang byen konplèks; gramè e sentaks kèk pèp primitif
nan reyalite pi rich e pi presi pase lang pi devlope yo tankou Anglè e Espanyòl.7
Tout lang koni kapab gwoupe nan anviwon 17 fanmi lang. “Men lengwis gen difikilte
rekonstwi relasyon pi wo nivo fanmi [lang] lan”9
“pifò klasifikasyon modèn rete nan nivo fanmi,”10 e kèk lengwis konplètman eskli posibilite yon
klasifikasyon yerachik depase nivo fanmi an.11
Poukisa? “Si nou vle rete sou teren absoliman fèm [e poukisa nou pa ta rete?],
sityasyon an pi mal pase senpleman manke yon pyebwa fyab pou relye tout lang modèn:
se pa menm sèten ke tout lang pataje yon orijin komen. Pifò lengwis konsidere toude
pwoblèm yo ensolib.”12
Konsa espesyalis yo dakò ke pa gen okenn esplikasyon evolisyonè pou orijin lang?
Byen, non yo pa dakò! Mwen te site pou ou nan pwòp mo yo prèv ki manke a, poutan
ni yonn ni lòt otè pa asepte konklizyon ke li mennen ladan li a. Malerezman, anpil
lektè san lespri kritik va li otè sa yo e mennen kwè ke savan esplike orijin lang
moun evolisyonè a!
Peryòd tan enkwayab
Pandan tan sa a, nan monn reyèl la, non sèlman “gwo konpleksite”3
lang moun konfonn tantativ evolisyonis nan esplikasyon, peryòd tan an enkwayableman
resan.
Kavali-Esfòza di: “Pifò fanmi lang sanble devlope diran yon brèf peryòd ant
6,000 e 25,000 lane pase.”13
Se enposibleman resan nan tèm evolisyonè. Dapre evolisyonis sa yo, lang separe nou
ak senj; li te prezan nan premye zansèt moun nou yo, e zansèt komen pi pre nou avèk
senj yo te viv anviwon 5 milyon lane pase.3 Konsa kote 99.5–99.9%
istwa lang sa a disparèt ale? Kreyasyonis ta di, natirèlman, ke sa pa t’ janm
egziste!
Si nou revize 6,000 rive 25,000 lane Kavali-Esfòza yo pou konte pou tan espozisyon
evolisyonè a konsa nou ta rive, nan tèm biblik, nan tan apre Delij la, ki ale byen
ak peryòd tan Gwo Kay Babèl la. E “Brèf peryòd” la ale byen ak lide
ke Bondye te konfonn lang moun yo nan Babèl nan bi pou dispèse yo atravè lemonn
(Jenèz 11:1–9).
Rezime
Brèf, evolisyonis pa menm kapab konvnableman pale, alò ankò mwens esplike, kesyon
orijin lang lan. Sa bokou twò konplèks. Yo dwe kòmanse ak lang, e pa sènpleman nan
yon sèl moun men nan tout yon kominote anmenmtan. E pa senpleman yon sèl lang men
plizyè milye lang, e ki pa atenn, men ki bati nan yo depi yo fèt—pa lantman
diran plizyè milyon lane, men nan “yon brèf peryòd” senpleman kèk milye
lane pase.
Ni sekans zansèt desandan an pa remonte nan yon sèl lang original; li rete nan “anviwon
17” fanmi lang. Pa gen isi okenn siy modèl Dawinyen zansèt desandan lan e
gradyèl, senp rive nan konplèks. Korespondans ak pòtre kreyasyon resan biblik la,
epi dispèsyon lòm nan lavil Babèl, se estrawòdinè.”14
Discursul Preşedintelui
Evoluţioniştii
nu pot ajunge la esenţă în explicarea originii limbajului, însă comunicarea
între oameni depăşeşte cu mult graniţele limbii vorbite, după
cum ne demonstrează întâmplarea următoare, relatată de Dr. neurolog
Oliver Sacks.1
Toţi cei din Secţia Afazie erau nerăbdători să audă
discursul Preşedintelui adresat naţiunii. Toţi ochii erau aţintiţi
la televizor. Şi iată-l: şarmant, stăpân pe sine, cu retorica
sa studiată, cu gesturile şi cu farmecul emoţional cunoscute. Şi
totuşi, toţi pacienţii au început să râdă zgomotos. De
ce? Nu reuşeau să-l înţeleagă? Sau, din contră, l-au înţeles
foarte bine?
Vorbirea naturală nu constă doar în cuvinte, ci şi în exprimare –
o enunţare a unui sens în totalitatea sa, cu întreaga fiinţă. Partea
de limbaj a acestei exprimări este procesată în secţiunea stângă
a creierului, iar partea non-verbală în cea dreaptă. Dacă secţiunea
stângă este afectată, apare afazia – conţinutul de limbaj al exprimării
este distrus, percepându-se doar partea non-verbală.2 Pentru a compensa
această deficienţă, afazicii îşi dezvoltă adeseori o capacitate
extraordinară de a interpreta elementele non-verbale, uneori până acolo
încât cei care intră în contact cu ei nu-şi dau seama deloc de deficienţa
lor.
Ce au înţeles ei din discursul preşedintelui au fost multe incongruenţe
şi nepotriviri grosolane în expresia facială şi tonul vocii; atât
de mari au fost acestea, încât le-au provocat râsul. Vedeţi, este imposibil
să minţi un afazic. Minciunile sunt întotdeauna formulate cu ajutorul
cuvintelor, însă afazicii nu înţeleg cuvintele. Ei aud sunetul şi
înţeleg sentimentul şi tonul, dar nu şi semnificaţia; pentru
aceasta, citesc limbajul feţei şi al trupului. Se pare că ei l-au
înţeles pe preşedinte foarte bine!
În secţie se afla însă şi o doamnă care suferea de o problemă
diametral opusă. Secţiunea dreaptă a creierului său era afectată
şi din această cauză ea nu reţinea deloc elementele non-verbale.
Pentru această femeie, singura modalitate de exprimare erau cuvintele. Iar
pentru a compensa această deficienţă, ea îşi dezvoltase abilitatea
extraordinară de a stoarce efectiv orice fărâmă de sens din cuvinte.
Ea nu râdea, ci era pur şi simplu siderată. „Nu este deloc concludent”,
a afirmat femeia. „Nu vorbeşte coerent. Foloseşte cuvinte nepotrivite.
Ori s-a întâmplat ceva cu creierul său ori are ceva de ascuns.” Probabil că
şi ea l-a înţeles pe preşedinte foarte bine.
Dr. Sacks a încheiat relatarea cu observaţia că numai noi, cei „normali”,
suntem predispuşi la înşelăciune verbală. Comunicăm cu
o atât de mare uşurinţă, încât uităm cât de complex este acest
proces şi, din această cauză, cât de uşor poate fi el folosit
într-un mod greşit.
Note şi referinţe
- Sacks, O., Omul care şi-a luat nevasta ca şi pălărie. Picador,
London, Ch. 9, 1986.
- Câteodată pierderea graiului este numai parţială şi nu completă.
|
Referinţe şi note
- Nowak, M. A., Komarova, N. L. and Niyogi P., Computational and
evolutionary aspects of language, Nature 417 (6889): 611–617, 2002.
Întoarcete la text.
- Ref. 1, p.614. Întoarcete la text.
- Hickock,G. et al.’ Sign Language in the brain,
Scientific American 284 (6):42–49, 2001. Întoarcete
la text.
- “Peryòd tan ki pi dispoze” pou aprann sentaks pamwayen
imitasyon vin fini anviwon laj 7 lane, ki se rezon poukisa timoun kapab aprann 2–3
lang alafwa ak byen alèz, men adil gen plis difikilte aprann yon lang etranje. Întoarcete la text.
- Ref. 1, p. 616 Întoarcete la text.
- Cavalli-Sforza, L. L. Genes, Peoples and Languages,
Penguin Books, London 2001 Întoarcete la text.
- Ref. 6, p. 59 Întoarcete la text.
- Ref. 6, p. 174 Întoarcete la text.
- Ref. 6, p. 134 Întoarcete la text.
- Ref. 6 p. 139 Întoarcete la text.
- Ref. 6, p. 138 Întoarcete la text.
- Ref. 6, p. 142 Întoarcete la text.
- Ref. 6, p. 145 Întoarcete la text.
- Gade nan Wieland, C., Towering Change, Creation 22(1):22–26,
2000.Întoarcete la text.
| Creation.com reaches millions of people each year–many of these aren’t believers in our Creator and Savior Jesus Christ. How will we reach them without your support? Please consider a small gift today.  | | |
|