JEZI: ANSEYE “GWO PÒTRÈ” NAN JENÈZ LA
Gary Bates and Russel Grigg
Èske evanjelizasyon Kreyasyon an, nan sans Jenèz itilize pou ede esplike e pwoklame
Levanjil la, nouvo? Èske se yon metòd pastè yo … anplwaye sèlman pou kontrekare
efè kiltirèl danjere ansèyman evolisyon nan epòk modèn nou an? Anpil moun panse
sa, men se pa ka a. Yon fondasyon poze nan Jenèz konfime “gwo pòtrè”
Bib la e delivrans, yon bagay ki manke souvan nan evanjelizasyon e ansèyman jodi
a.
Evolisyon (ki se jistifikasyon pou kwayans imanis prezante kòm syans)
pran tèt moun jodi a pou yo pa reponn Levanjil la, paske yo panse ke “syans
demanti Bib la.” Poutan, sa pa t’ toujou konsa.
Anvitande
Nan lane 1950 yo, lè evanjelis tankou Bili Graram t’ap mennen revèy piblik,
estad espòtif te plen ak moun ki te anvi tande sa li te gen pou di. Moun te konprann
lide Bondye e delivrans lan, paske pifò, si se pa t’ tout, te elve nan yon
anviwònman “krentif pou Bondye,” kote Bib la, lapriyè e kantik te plizoumwen
nòmal nan tout lekòl. Prensip kretyen e fondasyon Levanjil la te fè byen etabli
e aksepte. Pou anpil moun ki te reponn nan “kwazad” sa yo, sa te senpleman
siyifi yon retou vin jwenn Bondye ke yo te deja konnen.
Poutan, metòd sa yo pa byen reyisi menm jan an jodi a. Si ou te di pifò moun ki
pa kretyen: “Bib la di … ,” yo ta san dout reponn: “Epi?”
Atennyon kilti tranpe nan evolisyon
Jodi a, pifò moun “pa al legliz” e “pa al lekòl didimanch.”
Lide delivrans la pa retni atansyon yo paske yo pa menm konnen ke se pechè yo ye.
Pou aprann nenpòt nouvo lide byen ou dwe kòmanse nan kòmansman an—nan fondasyon
an monte. Apòt Pòl te itilize metòd sa a nan yon reyinyon Aewopaj1 la nan Atèn, ki rapòte nan Travay Apòt 17. Li t’ap
eseye rezone ak filozòf epòk yo sou plas piblik la, ki, nou dwe remake, te kwè nan
yon fòm evolisyon,2 e yo te remake:
“Kisa paladò sa a vle di la a?” (Travay Apòt 17:18).
Pòl lonje dwèt sou lotèl yo a, ki te make “Pou yon bondye moun pa konnen.”
Apre sa li di yo ke bondye moun pa konnen sa a ke y’ap adore a se “Bondye
ki fè lemonn antye ak tout sa ki ladan l’ ” (v.24) e ke “Se li
menm tou ki kreye tout nasyon ki rete toupatou sou latè” (V. 26). Kisa Pòl
t’ap fè? Li t’ap fè konnen orijin Levanjil la kòm vrè istwa lemonn,
tankou nou jwenn li nan Jenèz.
Se vrè ke se sèlman kèk nan moun ki te koute li yo ki te kwè (v.34), men yonn nan
moun sa yo se te Deni, yon manm aewopaj la. Pita yon legliz te kòmanse, e Deni te
vin lidè li.3 Legliz Atèn lan te
vin gran e enfliyan. Yo te gen bon fondasyon pou kòmanse ak li a.
Preche yon jenerasyon “ki al legliz”
Konpare sa ak mesaj Apòt Pyè a nan Travay Apòt 2, kote li te senpleman preche sou
krisifiksyon e rezirèksyon Jezi, e apre sa konkli: “Tout pèp Izrayèl la fèt
pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè,
se li menm Bondye fè Kris la” (v. 36). Anviwon 3,000 moun te delivre e batize
jou sa a (v.41).4
Pyè t’ap preche yon jenerasyon “ki te konn al legliz”—jwif
yo, ki te deja gen konesans sou Bondye kòm Kreyatè, yonn ki fè lalwa, e Jij nan
Liv yo. Yo te konnen e kwè istwa Jenèz sou Kreyasyon e Chit lòm lan, ak antre peche
e pinisyon kòm konsekans la. Lè yo te reyalize eta dezespere yo kòm pechè devan
Bondye, yo te senpleman bezwen montre nan Liv yo ke Jezi se Mesi ki te pwomèt la—Moun
Bondye te chwazi voye pou peye pou peche yo atravè lanmò e rezirèksyon Li a.
Malerezman, gen anpil moun nan legliz jodi a ki pa konprann (e pa preche) “gwo
pòtrè” sa a konsènan delivrans. Se petèt akòz anpil bagay, tankou lide delivrans
senpleman emosyonèl, yon mank ansèyman fondamantal e yon mank respè pou liv Jenèz
la akòz ansèyman evolisyonè.
Jezi e “gwo pòtrè” a
Jezi te rankontre tou kèk moun (jwif) “ki te konn al legliz,” men ki
pa t’ konprann siyifikasyon “gwo pòtrè” a. Nan Lik 24, apre rezirèksyon
Jezi, de nan disip Li yo t’ap mache lelon wout ki mennen Emayis la, pandan
yo t’ap diskite evènman ki te rive kèk jou anvan yo. Jezi te pwoche bò kote
yo e mande yo sou kisa yo t’ap pale e poukisa yo te tris konsa. Yo pa t’
rekonèt Jezi (v. 13–17). “Yonn ladan yo ki te rele Kleyopas reponn li:
Gen lè ou se sèl moun k’ap viv lavil Jerizalèm ki pa konn sa k’ te rive
nan senmenn ki sot pase a?
“Kisa k’ te rive konsa?” Jezi te mande.
Tout sa k’ te rive Jezi, moun Nazarèt la,” yo te reponn. “Nonm
sa a te yon gwo pwofèt devan Bondye ak devan tout pèp la: li te fè anpil bèl bagay
epi li te pale byen. Enben, chèf prèt yo ak otorite nou yo fe yo kondannen l’
amò, epi yo kloure l’ sou yon kwa. Nou te gen espwa se li menm ki t’ap
vin delivre pèp Izrayèl la. Men, jodi a fè twa jou depi bagay sa yo pase. Fòk nou
di ou tou gen kèk fanm nan gwoup nou an ki fè nou byen sezi. Yo te al nan kavo a
granmaten jodi a. Men, yo pa jwenn kò a. Yo tounen vin rakonte te gen zanj Bondye
ki te parèt devan yo, ki te di yo li vivan. Gen kèk zanmi nou yo k’al nan
kavo a tou. Yo jwenn tout bagay jan medam yo te di l’ la. Men li menm, yo
pa wè li.”
Kleyopas te konnen Liv yo e li te wè Jezi kòm moun Bondye te voye, men li te tris
paske li te manke konprann poukisa Jezi (Kris la) te dwe mouri. Li menm
e zanmi li yo te preyokipe ak sikonstans prezan yo e eta nasyon yo a. Lè Li te konnen
sa, Jezi te di yo: “Ala moun san konprann! Ki jan lespri nou fè lou pou kwè
tout sa pwofèt yo te di konsa! Èske se pa pou Kris la te soufri bagay sa yo anvan
pou l’ te resevwa lwanj li? Epi li pran esplike yo tout sa ki te ekri sou
li nan Liv yo.Li kòmanse ak Liv Moyiz yo, li pase nan tout Liv pwofèt yo
(v.25–27). [Anfaz ajoute.]5
Menm bagay la te rive lè Jezi te parèt devan disip Li yo nan chanm anwo kay la (Lik
24:44–46). Jezi te mennen yo tounen nan kòmansman an, nan sa Moyiz te ekri
konsènan Li menm, lè Li te di: … Men sa m’ t’ap di nou an lè m’
te la ak nou toujou a. Tout sa ki te ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan Liv
pwofèt yo, menm nan Sòm yo, fòk tout sa te rive.” [Anfaz ajoute.]
Konsa kisa sa te ye ke Moyiz te ekri ki te bezwen esplike klèman
Levanjil la?6
Se te istwa fondamantal Kreyasyon an (ke ekriven Nouvo Testaman yo bay Jezi responsab
sa, kòm egzanp Jan 1:1–3; Kolosyen 1:16; Ebre 1:2), konsekans Chit Adan an,
ak antre peche e lanmò nan ras lòm lan, ki esplike rezon poukisa yon ranplasan sakrifis
pou padon pou peche.
Pandan yo te sou wout apral Emayis jou sa a, Jezi te esplike poukisa Li te dwe mouri.
Menm jan an tou, nou menm, nou dwe esplike moun jodi a non sèlman ke tout moun bezwen
yon Sovè, men poukisa, e poukisa Li te dwe mouri pou nou—lide
fondamantal ki etabli nan Jenèz.7
Pou kretyen k’ap preche Levanjil la jodi a, se sa ki “gwo pòtrè”
a.
- Aewopaj (Grèk: Areios pagos), mòn Arès, bondye grèk lagè, ki koresponn ak bondye
women Mas. Konsèy Aewopaj la te Lakou Siprèm Lavil Atèn. Enter.
- Kòm egzanp, Aristòt te anseye ke “etap pi ba a [nan nati a] se inòganik la,
e sa chanje tounen òganik la pamwayen metamòfoz dirèk, matyè ki transfòme tounen
lavi” (Osborn, H.F., From the Greeks to Darwin, Charles
Scribners’s Sons, New York, 2nd ed., p. 78, 1929.) Men Aristòt
te kritike teyori transfòmasyon Anpedòk la, konsa sanble anti evolisyonè. Enter.
- Ezèb, Evèk Sezare, pale konsènan Deni kòm “premye Evèk Legliz Atèn.”
(Eusebius, Hisotoria Ecclesiastica, iii.4;iv.23, tankou li site
nan New Bible. Enter.
- Diksyonè, Inter-Varsity pres, London, p.312, 1974.)4 Nan nenpòt konparezon
nonb, nou dwe remake ke moun ki t’ap koute Pòl nan Atèn yo te pi piti anpil
pase “foul la—ki te sòti nan tout peyi sou latè”( Travay Apòt
2:56) sa ki t’ap koute Pyè nan Jerizalèm yo. Enter.
- Pou yon etid pwofesi Ansyen Testaman konsènan Premye Vini Mesi a gade: Fruchtenbaum,
A., Messianic Christology,
Ariel Ministries, Tustin, California, 1998. Enter.
- Jezi, Jan e Pòl te konfime klèman liv Jenèz la (ke Moyiz te ekri) kòm istwa literal.
Gade tou Lik 16:29–31; Jan 1:45, 5:46–47; Travay Apòt 26:22, 28:23. Enter.
- Anpil moun rakonte kòman yo pa t’ kapab konprann Kretyènte jouk yo te aprann
prensip fondamantal nan Jenèz. Kòm egzanp: “Paske ou te mennen m’ tounen
nan kòmansman, kounyeya mwen konprann tèren an. Pou premye fwa m’ap konprann
kisa Kretyènte ye. Pèsonn pa t’ janm sijere mwenn kòmanse li Bib la nan kòmansman.”
Gade Ham, K., Why won’t
they listen?, Master Books, Inc., Green Forest, Arizona, p.105, 1999. Enter.
|