Patriyach Forè Yo
by Gary Bates
Wo nan lè frèt e chèch Mòn Blanch Kalifòni, presizeman
nò Vale Lanmò enfame e inospitalye a, viv posibleman òganis
vivan1 pi ansyan nan lemonn
lan. Li se yon pyebwa Pen Brisèlkòn ke yo bay non Biblik ‘Metouchela
Ansyen’ akòz laj 4,723 lane2
li (lè yo konte kantite wonn pyebwa li). Ak gran etònman, pyebwa sa
a ta gen plis pase 2,000 lane laj lè Jezi Kris te mache sou Latè.
Kesyon Biblik
Photo by Ken Ham
‘The Dead Giant’, a sequoia in Yosemite National Park, California.
Laj ‘wonn’ pyebwa sa a pre dat Biblik pou Delij Noye a (Jenèz 6–8) ki te kouvri latè a e detwi
lavi anviwon 4,500 lane pase. Pa ta dwe gen okenn pyebwa vivan sou Latè jodi
a ki pi gran pase Delij la. Jijman Bondye sou peche te nan fòm yon katastwòf
dlo global ki te detwi tout vètebre sou latè ki te respire lè
esepte sila yo ke Bondye ak lamou te prezève nan Lach la. Yon katastwòf
delij dimansyon sa a ta depoze anpil epesè masif wòch sedimantè
ki ta kouvri pifò sifas Latè, e ta asire ke okenn pyebwa vivan nan
moman sa a pa ta rete ap grandi anplas. Konsa okenn pyebwa k’ap grandi jodi
a pa ta kapab kòmanse grandi apati yon grenn pyebwa nan plas sa a anviwon
4,500 lane pase.
Yo sipoze nòmalman ke pou chak lane kwasans, yon wonn kwasans va parèt.
Sa vrè jeneralman; sepandan, li se yon fè demontrab ke nan lane bon
kwasans, sètadi, kondisyon imid, cho, plis pase yon wonn kwasans kapab pwodwi
regilyèman. Rechèch efektivman demontre sa ak jenn plant Pen Brisèlkòn.
Lè yo te konplete longè jou livè ‘nòmal’
la ak yon lanp chofaj, wonn anplis te kapab grandi.3 Nan kondisyon sezonye sipoze cho, imid e varyab
yo nan premye syèk yo apre Delij Noye, li posib ke ta gen byen kèk
wonn konsa anplis. Sa konte byen alèz pou kèk santèn lane yo
(mwens pase 10%) diferans ant rezilta wonn pyebwa ‘reyèl’ pi
ansyen yo e dat Biblik Delij la.
Sepandan, yon esplikasyon konsa ta egzajere si wonn pyebwa ki sou pyebwa vivan te
bay dat plizyè milye lane plis pase sa. Kèk savan kounyeya
pwopoze yon kwonoloji Pen Brisèlkòn ki pwolonje tounen nan plis pase
9,000 lane apati jodi a.4
Men sa se lè yo itilize yon metòd dat wonn pyebwa ki asosye moso pyebwa
mouri (menm debri fosil) ak sa ki vivan. Metòd ‘rekiperasyon’
sa a chache kole moso pyebwa mouri ak moso pyebwa vivan pou rekipere wonn yo, pandan
li itilize pwosede pi konvenab. Analiz estatistik ranfòse pwosede sa yo pou
eseye elimine sibjectivite. Men nan pase, te gen aparaman kèk difikilte pou
jwenn enfòmasyon byen trete pou verifye endepandaman pwosede sa yo. Sa echwe
kounyeya, e plis rechèch kreyasyonis ap fèt.5 Sepandan, esansansyèl la se ke defi aparan
sa yo pa soulve apati pyebwa k’ap grandi jodi a.
Èske yo deklare fondamantalman okenn pyebwa vivan pi gran pase dat
Biblik Delij la? Nan reyalite wi—kèkfwa plis pase 10,000 lane. Men
nou va dekouvri ke okenn nan pyebwa sa yo pa’t’ konte kantite wonn reyèl
ki te gen nan yon pyebwa vivan.
Photo by John Woodmorappe
Pi Ansyen E Pi Gwo?
Lè yo itilize wonn kwasans kòm endikatè laj, Pen Brisèlkòn
se petèt bagay vivan pi ansyen sou Latè. Nan plis pase 4,000 lane
laj, li posib pyebwa sa yo te kòmanse grandi imedyatman apre gwo Delij la.
Pye Sekoya jeyan pami bagay vivan pi wo sou Latè jodi yo, ap grandi pou gen
plizyè santèn pye wotè. Non ‘sekoya’ a se nan onè
Sequoyah, lidè nasyon Chewoki endyen (1776–1842), ki te envante yon
alfabè inik e montre pèp li li e ekri. Yonn nan premye liv yo nan
lang Chewoki se te Bib la (1825).
Sekoya jeyan jeneralman gen sistèm rasin ki pa fon’sèlman anviwon
3 mèt (10 pye) pwofondè e rezistan anpil kont ensèk nwizib,
maladi e dife. Pye Jeneral Chèman se pi masif nan lemonn. Li gen ase bwa
pou bati 40 kay senk chanm chak. Yo rapòte ke po eksteryè li gen plis
pase 1.3 mèt (4 pye) epesè.
Pyebwa Tasmanyen—30,000 lane laj?
Pen Ouyon (Lagarostrobos franklinii) se yon konifè peyi Tasmani
(Ostrali). Nan lane 1995, jounal entènasyonal te deklare ke ta kapab gen
Pen “Ouyon” laj tankou 30,000—40,000 lane.6 Anpil moun te gen enpresyon ke sa te dwe gen rapò
ak kantite wonn yo, men se pa’t’ ka a. Kòman yo te jwenn dat
yo? Pyebwa yo nan pozisyon patikilye sa a jenetikman idantik ak yonn lòt.
Sètadi, yo repwodwi pamwayen repwodiksyon vejetatif apati yon pyebwa orijinal.
Sa ta kapab siyifi ke yo te senpleman transplante’tèt yo, posibleman
apati branch tonbe, oubyen nouvo kwasans ta kapab rive apati sistèm rasin
anba’tè. Yo sipoze ke pwosede repwodiksyon sa a ap kontinye depi plizyè
milenè, konsa “laj long” sipoze a. Nan kèk ka, yo itilize
metòd dat kabòn-14 (14 C) sou sistèm rasin lan e
fragman tou pre, e yo jwenn polèn Pen Ouyon nan kouch sedimantè yon
lak tou pre. Nou souvan esplike sipozisyon yo ki dèyè metòd
14 C yo e erè yo ki fèt nan entèpretasyon enfòmasyon
an.
Okenn Pen Ouyon pa janm date, pamwayen metòd wonn pyebwa dirèk, tankou
plis pase 3,500 lane laj.
Pyebwa pi ansyen nan lemonn yo
Pen Brisèlkòn (Pinus longaeva e Pinus aristata) grandi nan
kondisyon estrèm e difisil anpil nan wotè plis pase 3,000 mèt
(10,000 pye). Pyebwa jeyan plen rezin, plen ne, aparans fantòm sa yo asire
ke yo reziste atak kont bakteri, chanpiyon e ensèk. Yo grandi estrèmeman
lan. Diran sezon kwasans ànyèl’sèlman anviwon 45 jou
yo, yo kapab ajoute yon tikras tankou 2.5 santimèt (1 pous) sou lajè
yo chak san lane.7 Pandan
li’sèlman rive nan yon wotè maksimòm anviwon 18 mèt
( 60 pye), lajè Pen Brisèlkòn pi laj la, ke yo rele ‘Patriyach
Ansyen’, se yon masif 11.2 mèt (36 pye 8 pous).
Dezyèm pyebwa vivan pi ansyen yo konnen an, ki ak yon laj wonn pyebwa verifye
3,631 lane, se yon Pye Alès nan peyi Chili, Amerik Sid. Tankou yo konnen
li tou sou non Siprès Patagon, yo kwè espès sa a gen rapò
ak bwawouj (sekoya) jeyan Amerik Nò. Nan yon fason enteresan, Chal Dawin
te rele li “Fitzroya cupressoides” nan onè Robert FitzRoy,
kapitèn bato H.M.S. Beagle.8
Pyebwa pi wo nan lemonn yo
Pyebwa vivan pi wo yo konnen an se pyebwa Mendosino, yon jeyan bwawouj (sekoya)
(Sequoia sempervirens) yo jwenn pre Oukya, Kalifòni, Etazini. Li
mezire ofisyèlman 112 mèt (367 pye 5 pous). Sepandan, yon ekaliptis
Ostralyen (frenn) ki te depase li nan wotè te tonbe nan Viktori, Ostrali,
nan lane 1872. Yo te kwè li te prèske 150 mèt (492 pye) wotè
oubyen menm wotè ak yon bilding 36 etaj, e rete pyebwa pi wo yo janm “konnen”
ki viv.9
Plas anpil nan pyebwa “presye” sa yo (tankou pyebwa Ansyen
Metouchela oubyen Mendosino a), yo kenbe yo sekrè pou anpeche destriktè
e chasè.10
Pyebwa pi laj nan lemonn yo
Rapò ofisyèl “vivan” pou gwosè se sou yon sekoya
jeyan, ke yo rele “Jeneral Chèman,” ke yo kapab jwenn nan Pak
Nasyonal Sekoya Kalifòni. Li kanpe nan yon wotè 83.8 mèt (275
pye), e gen 31.3 mèt (102 pye 8 pous) otou baz li, e (ak esepsyon posib yon
sistèm chanpiyon anba’tè11)
se’sèl òganis pi laj ki egziste sou latè. Mas kò
total li plis pase dis fwa gwosè yon Balèn Ble.
Nan kòmansman yo te panse Jeneral Chèman te gen plis pase 6,000 lane
laj, men sa revize kounyeya vin’sèlman 2,150 lane. Nate Stephenson
Etid Jeyolojik Etazini te di: “Estimasyon nouvo laj pye Chèman lan
ta kapab toujou manke plizyè syèk.” Kòman, nan itilize
yon metòd trè senp “senpleman konte wonn pye bwa,” dat
kapab sibi yon’tèl chanjman dramatik?
Pifò moun sipoze ke yo detèmine laj yon pyebwa “ansyen”
apati kantite wonn ànyèl yo konte’sòti nan yon echantiyon
twon plen pwofondè. Men sa pa prèske toujou konsa. Nan ka Jeneral
Chèman lan, yo te’sèlman pran echantiyon longè yon pye,
e konpare yo ak yonn lòt pou chache “endikatè” sanblab
oubyen wonn diferan. Apre sa yo fè ipotèz matematik pou kalkile laj
pyebwa a nan konpare mezi apati lòt chouk sekoya.12,13
Apre sa yo aplike yon apwòch inifòmitèryen (prezan se kle pase)
lè yo kalkilte dat (ki pa pèmèt pou diferans nan klima pase
ki kapab afekte sezon kwasans e menm pwodwi wonn anplis). Yo montre sa trè
inegzak nan ka Jeneral Chèman lan. Sa ta pi egzak si yo te kapab pran echantiyon
dirèk nan twon jiskofon pyebwa a. Men pwosede konsa difisil anpil sou gwo
pyebwa, paske echantiyon twon òdinèman mens tankou kreyon. Sa se paske
yon pwosede pwofondè konplèt ki itilize ekipman pisan laj ta enplike
domaj enpòtan pou pyebwa a. Brèf, yo konn deklare dat pi long akòz
gwosè enòm pyebwa a.
Nan yon fason enteresan, Nate Stephenson di tou: “Pifò nan sekoya pi
laj yo reyèlman laj mwayen. Men yo toujou ap grandi tankou adolesan. Chak
lane, li ajoute ase bwa pou fè yon pyebwa yon pye (30 santimèt) nan
dyamèt e plis pase 100 pye (30 mèt) wotè.” Li ajoute:
“Jenn laj pyebwa pi laj nan lemonn lan vini tankou yon bagay sipriz.”12
Biyolojis plant dakò, e menm espere, ke pyebwa ansyen, mayifik, ki grandi
ak fòs sa yo ta kapab kontinye grandi pou plizyè milye lane nan fiti.
E yo ta espere, konsa, ke pa gen okenn rezon poukisa anpil pami yo pa ta kapab kòmanse
lavi yo anpil, anpil milye lane pase. Men pa gen okenn prèv ke okenn
nan yo date anvan Delij la. Menm metòd konparezon sipoze a, nonb koupe a
sanble anviwon 4½ a 5 mil wonn. Sa vrèman korresponn ak atant ki baze
sou Bib la.
Poukisa pa gen pyebwa pi ansyen?
Piske patriyach mayifik forè diskite isit yo kanpe silansyezman ap grandi
depi plizyè milye lane, ap fè lwanj Bondye, Mèt Achitèk
la, sa sigjere ke yo dwe pratikman envensib devan atak ensèk nwizib, maladi,
dife sovaj, e lòt bagay sanblab. Dilèm lan pou kwayan laj long, ki
moke istwa Biblik yon Delij global la, se ke: si gen pyebwa ki kapab dire lontan
konsa, poukisa pa pi lontan? Poukisa pa gen k’ap grandi jodi a ki gen, sètadi
7, 8 oubyen 9 mil lane laj lè yo konte dirèkteman wonn pyebwa?
Sa pa yon mistè pou sila yo ki kwè nan Bib la, paske li se evidans
klè ki koresponn ak Pawòl Bondye a. Istwa Bib la konsènan yon
Delij global la vrè e garanti konfyans.
Deklarasyon Ansyen Plant Konmanse Febli
Gen anpil deklarasyon sou plant apa de pye bwa ki swadizan gen plis pase 10,000
lane laj, ki enkli Wou Wa Tasmani a (ki te baze sou rès fosil pre plant lan)
e yon koloni Mitil (baze sou kwasans estime sou plis pase yon zòn 25 km2
/10 mil2 ) nan Pennsilvani, Etazini. Deklarasyon pi remakab yo, poutan,
se sou touf pye bwa Kreyozòt (Larrea tridentate) Amerik Nò
a. Li se yon touf pye bwa komen anpil, san aparans espektakilè ki grandi
nan rejyon dezè estrèm e cho Amerik No e Sid. “Granpapa”
yo tout se yon plant yo rele “Wa Klòn.” Lè yo te dekouvri
li nan lane1980, yo te dekare li gen 11,700 lane laj. Men dat sa a revize anpil,
ak syantifik kounyeya k’ap kesyonnen’tèt yo sou yon laj 7,500
lane oubyen mwens.1
Nan tan sechrès, touf pye bwa Kreyozòt la sanble plis mouri pase vivan.
Lè gen anpil dlo, yo louvri pou reprann lavi ak yon feyaj vèt janat
ki “kolore” dezè a. Lè li kraze, rezin li gen menm sant
ak kreyozòt,2 kote non li’sòti.
Sik kwasans li kòmanse kòm yon’sèl plant. Lè pye
bwa orijinal la vin pi gran, tij e branch nan sant li yo mouri e kouvri ak sab.
Poutan, branch sou deyò kontinye grandi pou tounen plant prensipal la. Pwosesis
sa a repete ankò e ankò (diran plizyè lane) pandan chak nouvo
touf pye bwa grandi e mouri, finalman fòme zanno ti touf pye bwa kreyozòt
ki etann sou plis pase plizyè santèn mèt. Se yon fòm
klonaj natirèl.3
Yo kwè dat la lè yo estime vitès kwasans zanno yo ki ogmante
nan plant la. Deba sou laj Wa Klòn lan demontre inekzaktitid apwòch
inifòmitaryen sa a; li enposib pou detèmine egzakteman laj yon plant
baze sou vitès kwasans kouran.
Referans e nòt
- San pretansyon touf bwa Kalifoni an kapab se bagay vivan pi ansyen nan lemonn lan,
<www.signonsandiego.com/news/science/20020130-1443-wst-ancientshrub.html,
2 jiyè 2002.
- Kreyozòt se yon likid ak lwil, fonse yo jwenn lè yo distile goudwon.
Yo’sèvi ak li pou prezève bwa.
- Komite pou prezève’tòti dezè, <www.tortoisetracks.org/dtna/plantloop.html>,
2 jiyè 2002
|
Referans e nòt
- Nou itilize isit mo “vivan” an nan yon sans biyolojik.
Nan izaj biblik, plant pa nephesh chayyah (kreyati vivan), konsa lanmò
biyolojik yo pa gen menm siyifikasyon biblik ak lanmò kreyati sa yo ki se
(antilòp, pa egzanp). Întoarcete la text.
-
Discovery, 1 July 2002. Întoarcete la text.
-
Variable production of growth rings in Bristlecone Pines, 26 June 2002.
Întoarcete la text.
- Morris, H.M., The Biblical Basis for Modern Science,
Master Books, Green Forest, p. 418, 2002. Întoarcete la text.
- Yon dokiman nan preparasyon pou pwochen Konferans Entènasyonal
sou Kreyasyonis, e pou soumèt devan CMI’s refeered journal, Journal
of Creation. Întoarcete la text.
- Living tree “8,000 older
than Christ”(?), Creation 17(3):26, 1995.
Întoarcete la text.
-
Growth characteristics, 1 July 2002. Întoarcete la text.
- Among the oldest living things, 2 July 2002.
Întoarcete la text.
-
Trees, 2 July 2002 Întoarcete la text.
- Aparaman, yon jenn etidyan te koupe yon Pen Brisèlkòn
ansyen pou bi rechèch. Întoarcete la text.
- Humungus fungus, <www.earthsky.com/2001/es010202.html>,
30 July 2002. Întoarcete la text.
- Largest tree a mere stripling, <http://news.bbc.co.uk/2/hi/science/nature/1065631.stm>, 11 December 2000. Întoarcete la text.
- A new age for the world’s largest tree, <www.msnbc.com/news/5000327.asp?_nm=H23F>,
12 December 2000. Întoarcete la text.
| It has been said that “Information is power”. When it comes to creation information we’d have to agree. Keep the ‘powerful’ evidence for God being Creator coming.  | | |
|