Kòl Etonan
Li Te Kreye Konsa
de Jonathan Sarfati
Kòman foumi e myèl mache’tèt anba, yon abilite esansyèl
pou mache sou plant? Non’sèlman pye yo dwe kapab kole, men tou dekole
nan moman apwopriye pou yo kapab deplase rapidman.
Yon ekip Inivèsite Masachisèt montre kounyeya fason etonan yo fè
sa. Yo itilize kamera foto iltrarapid sou myèl siwo e foumi k’ap mache
sou vit, e etidye estrikti pye a nan mikwoskòp. Pye a gen yon tanpon imid
(awolyòm), ki kapab kole sou yon sifas tankou papye mouye sou yon
fenet. Sa nan mitan de grif, ki gen fòm yon kòn towo bèf.
Si sifas la di, grif yo kapab kranponnen yon sifas, e awolyòm lan retrakte
paske li pa nesesè, e li pwoteje pou li pa kòche. Men sou yon sifas
poli kote grif la pa kapab kranponnen anyen, yo retrakte pamwayen tendon fleksib
grif la, ki koze awolyòm lan vire sou li menm e etann li nan pozisyon. Tandon
sa a konekte tou nan yon plat ki prese yon rezevwa “san” (emolenf),
fòse likid la antre nan awolyòm lan pou gonfle li, konsa prese li
sou sifas la.
Lè pye a bezwen dekole, tendon fleksib grif la libere, e awolyòm lan
e anpil nan pati mekanik yo’tèlman elastik ke yo tounen rapidman antre
nan plas yo. Menm mekanis fondamantal la aplike pou ni myèl ni foumi, men
yo gen pati ki fòme diferaman akòz diferan egzijans yo.
Sa se yon plan mekanik e idwolik trè konplèks, men kontwole nan yon
fason trè senp, san okenn patisipasyon’sèvo. Sa rann posib gran
konfyans e moman reyaksyon trè rapid. San etonnman, sa eksite kiryozite kreyatè
ti wobo yo pou bi medikal.
Se pa ta premye fwa ke lòm kopye plan orijinal Bondye te kreye nan lespri
envantif Li–òdinèman san ba Li glwa. “Envantè”
Vèlkwo a, kòm egzanp, se yon sistèm sanblab nan plant ki te
enspire li.
Rèy animal te gen pwopilsyon djèt lontan anvan okenn moun te panse
sou sa, e je woma te enspire radyografi teleskòp reyon X (Creation
23(3):12-13), pou site’sèlman kèk. Plis teknik rechèch
sofistike nou rann nou kapab dekouvri konsènan kreyasyon an, se plis nou
dekouvri nan abilite, pwofondè e lespri envantif plan orijinal Bondye te
kreye, ke lòm ap lite pou kopye.
Sous
- Schubert, C., Ensèk deplwaye pye kolan ak presizyon, Science News,
2 June 2001, p. 341.
- Yon sityasyon kolan pou foumi e myèl; byolojis UMass gade kòman ensèk
sa yo kole sou divès sifas, Inivèsite Masachisèt nan Amherst,
<www.sciencedaily.com/releases/2001/09/010928071138.htm>.
17 December 2001.
- Federle, W. et al, Byomekanik ògàn adezif pretasyen mobil
nan foumi e myèl. Proceedings of the National Academy of Sciences
USA 98(11):6215–6220 , 22 May 2001.
| Ken E. wrote: “I just wanted to drop a note to express my gratitude for the kind of information you supply at the CMI web-site. I love science and find it thrilling to see how it may be used to glorify God and build faith in Him.” Glorify God in His creation.  | | |
|