Premye Liv Sou Ijyèn Piblik la
KI RETE PWOPAGASYON NOUVO MALADI MÒTÈL AK PRATIK 3,500 LANE LAJ
by David Wise
Jou 28 Septanm 1976, yo te resevwa telegram ki swiv la nan Katye Jeneral Òganizasyon
Mondyal Sante nan Jenèv:
YON EPIDEMI SERYE NOU POKO KONPRANN AP KONTINYE NAN REJYON DE NAN PLANTASYON NOU
YO NAN ZÒN BUMBA, KOLEKTIVITE YAMBUKU. NOU PANSE LI POSIB SE YON KALITE TIFOYID
OUBYEN FYÈV JÒN KI MENASE. NOU VOYE PRIZ SAN … NAN I.T.M. [Enstiti
Medsin Twopikal] NAN ANTWÈP POU ANALIZE. NOU TA ENTERESE KONNEN DYAGNOSTIK
LA PA TELÈKS PI VIT POSIB. KONSA, NOU VA KAPAB ÒGANIZE YON KANPAY
VAKSINASYON POU ANPLWAYE NOU YO.
SIYEN/
DOKTÈ BUSQUET, KINSHASA1
Se te premye enfòmasyon ki te’sòti nan peyi Zayi (kounyeya Repiblik
Kongo) konsènan epidemi viris Ebola a ki te touye plizyè santèn
Afriken enfekte ki te viv nan e ozanviwon lopital Yambuku a, pre sous Rivyè
Ebola yo.2
Sè yo nan lopital misyon Yambuku a’t’ap’sèvi ak
senk zegwi ki pa’t’ esterilize pou bay plizyè santèn moun
piki chak jou. Epidemyolojis te konkli ke se sa ki te lakòz eklatman viris
Ebola a ki te rive ansanm nan 55 vilaj anviwonan lopital la.
Premye ki te mouri se te sila yo ki te resevwa piki yo. Apre sa maladi a te travèse
nan fanmi, touye sitou sila yo ki te prepare kadav yo pou antere. Li te bale tou
pèsonèl lopital la, touye enfimyè e fanmsaj ki te gen kontak
ak san e vomisman malad. Yo kwè ke maladi Ebola a te ka transmèt pa
kontak seksyèl tou.
Ebola se yonn nan plizyè nouvo ajan patojèn mòtèl k’ap
pran pye atravè lemonn. Maladi viris tankou fyèv Lasa, fyèv
Rift Valley, virishanta e deng se panik frapan e danje mondyal tou. Ansyen maladi
ki te konsidere pa pwoblèm pou sante ankò ap reparèt nan enpòtans.
Avyon e ogmantasyon vwayaj entènasyonal kreye sityasyon kote yon moun ki
gen yonn nan maladi sa yo kapab vwayaje atravè lemonn pou gaye li menm anvan
li remake okenn sentòm.3
Sa ki pi mal, pa gen tretman ni vaksen pou anpil nan maladi mòtèl
sa yo.
Sou kote pozitif la, senk premye liv yo nan Bib la, Pantatèk la, bay anpil
limyè e soulajman konsènan prevansyon maladi. Estraòdiman,
Pantatèk la konsidere kòm premye prèv nou gen bon
sante piblik e pratik ijyenik.4 Ansyen ekriti sa yo, lè yo
itilize ansanm ak medsin modèn, kapab kraze mòd transmisyon prèske
tout fleyo maladi limanite konnen.
Sa ki swiv la se yon brèf rezime enstriksyon biblik ki gen rapò ak
sante piblik e ijyèn. Kenbe nan lespri ou ke regleman sa yo te pratike 3,500
lane anvan yo te dekouvri konsèp jèm maladi a (se kreyasyonis Lwi
Pastè ki te dekouvri konsèp jèm maladi a5 )!
Prekosyon blese, po e ekoulman
Enstriksyon rapòte nan Levitik 15 yo nan yon fason frapan sanble ak teknik
prevansyon modèn kont maladi.
Paregzanp, nenpòt moun ki te manyen yon moun ki ak “ekoulman,”
(tout sekresyon kò a) oubyen nenpòt bagay kote moun sa a te chita
oubyen kouche sou li, te vin “pa pwòp.” Anplis sa, si “moun
ki manyen moun malad” la te manyen yon moun san anvan sa lave men li, maladi
a ta transfere bay moun li te manyen an tou.
Apenn 100 lane pase, yo te tabli prekosyon sa yo nan’sèvis sante modèn
pou anpeche maladi pwopaje. Yo itilize kounyeya teknik panse “pa touche.”6 Gan nesesè pou moun
manyen zòn enfekte, e lave men ak swen obsève anvan e apre swen malad.
Anplis sa, “prekosyon inivèsèl” egzije ke tout sekresyon
kò dwe trete kòm ajan trè kontajye.
Tretman fatra
Izrayelit yo te resevwa enstriksyon pou antere fatra yo lwen kan an (Detewonòm 23:12–14). Maladi entesten tankou kolera,
disantri amib e anterit E. koli kontinye menm jodi a fè gran
kantite viktim kote pratik ijyenik sanblab pa obsève.
Izrayelit yo te resevwa tou egzòtasyon pou boule pansman ize. Rad ki te kanni
(petèt yon fongis) te dwe lave. Si fongis/kanni a te’sòti, rad
la te dwe relave anvan li itilize ankò. Si non, li te dwe boule (Levitik
13:47–58). Remake ke yon premye lave ta kapab jèmen pistil rezistan. Nouvo
kwasans la lè sa a ta kapab’sòti lè li lave. Objè
yon moun enfekte te manyen te dwe lave. Si objè a te potri, poutan, lave
pa’t’ sifi (petèt akòz nati pore li). Li te dwe detwi
(Levitik 11:33, 15:12).
Pratik sante jodi a ase sanblab. Objè e pansman kontamine ak sekresyon kò
a, swa pi oubyen lòt kalite ekoulman, retire pou boule. Toutfwa posib, zegwi,
sereng, istansil pou manje, asyèt e lòt atik disponib itilize. Atik
ki pa disponib lave, mete nan sache, e esterilize.
Izolman
Izrayelit yo te pran gran swen anvan yo te dyagnostike yon moun kòm gen lèp
oubyen yon kondisyon sanblab. Si te gen dout kanta’sètitid yon dyagnostik,
moun lan te dwe izole pou yo obsève li (Levitik 13:1–14:57). Yon fwa yon
moun te dyagnostike ak yon kondisyon kontajye, li te dwe an karantèn andeyò
kan an “pandan tout tan maladi a va sou li.” Yo te egzije li kouvri
figi li, e rele pou avèti lòt moun: “Men moun malad! Men moun
malad!” (Nonb 5:2–4 e Levitik 13:45–46).
Lopital modèn tou swiv metòd izolman espesyal pou moun yo ki gen,
oubyen sispèk gen enfeksyon kontajye. Paregzanp: “izolman estrik”
egzije yon chanm prive ak yon apwovizyònman lè endepandan. Pòt
chanm sa a dwe kenbe fèmen. Tout moun k’ap antre nan chanm lan dwe
pote rad espesyal, gan e mask. Anplis sa, yon siy dwe plase sou pòt malad
la pou avèti lòt moun kondisyon li.
Prekosyon antèman
Kontak dirèk ak kadav la (moun oubyen animal) te sipoze pa pwòp e
egzije pou lave kò e rad yo (Nonb 19:11, 19, 22 e Levitik 11:24–28, 40).
Objè ki te vin nan kontak dirèk ak kadav la (tankou rad, nepe, krich
e tonm) te sanse tou “kontamine” e egzije pwòpte oubyen detri.
Anplis sa, lè yon moun te mouri nan yon tant, tout moun ki te antre nan tant
la, e tout sa ki te nan tant la (menm tout “veso ki pa kouvri”) te deklare
pa pwòp (Levitik 11 e Nonb 19:14–16).
Jouk finisman lane 1800, sa te pratik komen pou medsen e etidyan nan medsin egzaminen
malad vivan yo imedyatman apre yo te patisipe nan otopsi.7
Natirèlman, ajan patojèn yo ki te prezan nan kadav sila yo ki te nan
mòg la te pwopaje nan zòn lopital la. Lè doktè yo te
kòmanse pratike metòd sanblab ak sa yo nou jwenn nan senk premye liv
yo nan Bib la, to mòtalite te redwi ekstrèmeman.8
Sekirite nouriti e dlo pou bwè
Si yo te jwenn yo kakas yon animal nan dlo pou bwè, itilizasyon dlo a te
entèdi kòm “pa pwòp.” Si, poutan, sous dlo a te
gen yon apwovizyònman kontinyèl dlo fre, tankou yon sous, li ta rete
“pwòp” akòz tandans dlo konsa pou renouvle’tèt
li (Levitik 11:34–36). Anplis sa, tout nouriti e dlo nan yon veso ki te vin nan
kontak ak yon animal mouri oubyen yon moun enfekte te deklare pa pwòp (Levitik 11:34).
Jodi a, nou konnen pa respekte nenpòt nan prekosyon sa yo kapab
gen pou konsekans transmisyon mikwòb kontajye.
Maladi e estil lavi ilegal
Izrayelit yo te klèman entedi pou gen relasyon seksyèl andeyò
maryaj (Levitik 18:22,20:10–16 e Egzòd 20:14). Plan biblik mari e madanm ki te
fòme yon inite maryaj eksklizif la (Jenèz 1:27, 2:23–25; Matye 19:3–6) sètènman
te anpeche pwopagasyon maladi veneryèn yo.
Akòz lòm pa obeyi egzòtasyon sa a, maladi transmisib seksyèlman
kontinye maladi kontajye prensipal lemonn.9
Preskripsyon bondye
Rapò biblik la klèman endike ke maladi transmisib e ke pi bon pwoteksyon
kont yo se anpeche pwopagasyon yo. Se enpòtan pou remake ke ansyen rapò
sa yo pa gen yon’sèl move konpreyansyon medikal! Mwen pa di ke Moyiz
te konprann baz medsin modèn lan, men ke Bondye, ki te enspire ekriti Moyiz
yo (menm plan vrè istwa lemonn nan Jenèz la), sètènman
te konprann.
Pi enpòtan, Bib la trete maladi pi mòtèl ki janm anvayi lòm
lan—peche (Jenèz 2:17; Women 6:23). Tankou tout bon medsen, Bondye
ofri preskripsyon pou maladi mòtèl sa a tou: Yon relasyon pèsonèl
ki sove, atravè lafwa, ak Pitit Li a, Senyè Jezi Kris (Jan 3:16).
“Men se pou peche nou kifè yo te mete san l’ deyò konsa.
Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l’ anba kou konsa. Chatiman
ki te pou nou an se sou li li te tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk
tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon … Men, se te volonte Bondye … pou l’ te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo” (Ezayi
53:5, 10a).
Referans e nòt
- Close, W.T., Ebola: A Documentary Novel of its First Explosion,
Ballantine Books, New York, p. 181, 1995. Întoarcete la text.
- Eklatman Ebola 1976 la nan Yambuku, peyi Zayi, te touye plis
pase 400 nan 550 enfekte yo. Nan lane 1979, 22 moun te mouri diran yon eklatman
sanblab nan peyi Soudan avwazinan. Eklatman me 1995 lan nan Kikwit, peyi Zayi, te
touye 58 nan 76 enfekte. Întoarcete la text.
- Se yonn nan rezon gen otan 3,000 eklatman maladi estraòdinè
chak lane nan peyi Etazini’sèlman. Întoarcete la text.
- Gade Burton, G.R., Microbiology for the Health Science,
J.B. Lippincott, Philadelphia, P. 7, 1983. Întoarcete la text.
- Lamont, A., “Lwi Pastè—Syantis memorab
e opozan evolisyon”, Creation 14(1):16–19, 1991. Întoarcete
la text.
- Staphylococcus aureus responsab enfeksyon blesi chirijikal
lopital ki menase lavi. Întoarcete la text.
- Okenn pwogrè konstriktif nan medsin pa’t’
posib jistan ansyen doktrin evolisyonè jenerasyon espontane a te abandone.
Gade Wise, A., Modern medicine, it’s not so modern, Creation
17(1):46–49,
1994. Întoarcete la text.
- Doktè jwif Ignaz Semmelweiss te ensiste sou doktè
pou dezenfekte men yo apre yo fin manyen kadav, e te soufri gwo pèsekisyon
pou pozisyon li. Întoarcete la text.
- Paregzanp, The Center for Disease Control (Sant pou Kontwòl
Maladi) estime ke gen 42 milyon moun atravè lemonn enfekte ak VIH, viris
ki koze SIDA <www.cdc.gov/hiv/stats.htm>.
Întoarcete la text.
|