Explore
Also Available in:

Poukisa Se Nou?

Pwoblèm Mal La

de Ken Ham

Kòman yon Bondye lamou ta kapab pèmèt sa? Anpil liv ekri pou eseye esplike sa ki sanble nan sifas yon pwoblèm ki pa kapab rekonsilye—deklarasyon Kretyènte yon Bondye lamou anfas mal, lanmò, soufrans e maladi nan monn sa a.

Nan reyalite, pwobableman pi gran agiman soutni kont kretyen an ale yon bagay konsa:

“Kòman kapab gen yon Bonbye lamou e toupisan lè nou wè timoun ap mouri, moun ap soufri, e move bagay ap rive bon moun? Sètènman soufrans e mal konsa siyifi ke swa Li pa pisan ase pou anpeche sa oubyen Li pa vle, konsa Li pa totalman bon.”

Nan reyalite, mal se pratikman yon pwoblèm pou nonkretyen an—pa kretyen konsistan an—men premyèman nou dwe konprann orijin mal nan monn sa a.

Nan yon entèvyou ak yon fanmi ki te pèdi yon bebe, sè bebe a (anviwon 10 zan) te mande: “Poukisa se nou? Poukisa sa te rive nou?”

Ak tout kè mwen, mwen te avèk fanmi sa a nan tristès li. Kisa mwen ta di yo si mwen te gen opòtinite? Mwen te sonje lanmò ti frè mwen an ennan pase. E wi, mwen toujou atriste,

men anmenmtan, yon bon konesans sou orijin lanmò enpòtan nan trete yon trajedi konsa.

Premye nonm lan, Adan, te reprezante ras lòm antye. Lè li te peche (rebele kont Bondye, lè li te dezobeyi Pawòl enstriksyon klè Li) li te di Bondye esansyèlman ke li te vle lavi san Bondye. Li (e konsa nou) te vle otonomi—pa depann sou Bondye.

Kounyeya si Bondye te ban nou sa nou te reyèlman mande nan Adan, nou pa ta menm egziste, paske Li kenbe tout bagay nan plas yo pa pouvwa Pawòl Li (Kolosyen 1:15–17). Paske Li se yon Bondye ki jis, Li te dwe jije rebelyon—li te jije peche ak lanmò (espirityèl e fizik). Bondye te madichonnen’tè a—tout kreyasyon an kounyeya ap plenn akòz peche (Jenèz 3:17–19, Women 8:20–22).

Bondye klèman retire enpe nan pouvwa Li ki soutni, pou Li pa kenbe tout bagay nan plas yo pafètman tankou se te ka anvan Chit Lòm lan. Kounyeya tout bagay ap plenn—gen tandans deteryore oubyen kraze. Nou pratikman ap viv nan yon monn kote nou gen yon lide sa lavi ye san Bondye—chanjman, lanmò, soufrans, mal, elatriye.

Poutan, lè yon moun konprann rezon poukiza gen lanmò, soufrans e mal nan monn sa a (lè li konprann orijin bagay sa yo tankou sa rapòte nan Jenèz), yon moun reyalize se pa fot Bondye lemonn konsa, men fot nou. E reyèlman, tout moun soufri—tout moun va mouri fizikman, pa senpleman bebe chè sa a. Sa ki te rive bebe sa a va rive nou chak (si Senyè a pa tounen anvan tan tan sa a).

Sa te ede mwen reponn yon kesyon yon pastè te poze mwen nan yon konferans. Li te di: “Kòman mwen reponn moun lè yo mande mwen: ‘Poukisa yon Bondye lamou kondane moun pou ale nan yon plas terib tankou Lanfè?’ ”

Mwen te diskite orijin peche e lanmò (tankou esplikasyon mwen fenk bay anwo a) epi apre sa di: “Pastè, èske ou reyalize ke kesyon an enplike ke se fot Bondye moun ale nan Lanfè?” Apre sa mwen te kontinye: “Lè nou konprann kòrèkteman kilès nou ye (desandan Adan), e konsènan Chit Lòm lan (orijin peche e lanmò—rebelyon lòm), lè sa a nou dwe konprann ke se pa fot Bondye moun ale nan Lanfè—apretou, lòm te gen volonte lib nan Jaden an anvan peche.1

“Nou (nan Adan) te separe’tèt nou ak Bondye menm si sa te nan plan Li depi etènite. Nou, nan reyalite, te di Bondye nou pa’t’ vle Li. Bondye se yon Bondye ki jis, e konsa te dwe jije peche—men nan reyalite, nou te kondane’tèt nou pou ale nan Lanfè (separasyon etènèl ak Bondye) akòz pwòp aksyon nou. Paske, lè nou chak te fòme nan vant, nou te deja kondane kòm pechè paske nou te pitit Adan. Pa gras souveren Bondye, Li sove kwayan anba lanfè nou te destine pou ale ladan, e merite.”

Apre sa mwen te di: “Poutan, paske Bondye se Bondye lamou e toupisan, Li te bay yon fason pou nou pa ale nan Lanfè. Li te antre nan istwa lòm pou vin yon nonm pou Li te kapab peye pinisyon pou peche nou an. Li te venk lanmò (atravè Rezirèksyon Li) e ofri nou kado delivrans gratis Li. Bondye lamou nou an, esansyèlman, te di: ‘malgre ou pa vle mwen, mwen vle ou—mwen vle sove ou. Mwen va peye pou pinisyon peche ou a e ofri ou delivrans gratis.’ ”

Chit Lòm lan, tankou sa rapòte nan Jenèz, esplike orijin mal, lanmò e soufrans nan monn sa a e rann nou kapab plase blam lan kòrèkteman sou’tèt nou.

Kounyeya, dezyèmman, nou bezwen rekonsilye kòman yon Bondye lamou e toupisan an ta pèmèt mal, soufrans e lanmò (tankou lanmò bebe presye sa a) nan monn sa a. Si Bondye toupisan ase pou venk mal, e si Li gen lamou—sètènman li pa ta pèmèt sa?

Nan Matye 19:16-17, nou li: “Yon nonm pwoche bò kote Jezi, li di l’ konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m’ ka resevwa lavi ki p’ap janm fini an? Jezi reponn li: Poukisa w’ap poze m’ kesyon sou sa ki bon? Se yon’sèl ki bon, sètadi, Bondye …

Jezi te lanse defi sa a ba li pou reyalize enplikasyon sa li te di yo. Se’sèlman yon moun enfini ki enfiniman bon ki ta dwe rele “bon.”

Enkwayan an pa, natirèlman, asepte ke gen yon moun konsa. Sa siyifi, poutan, ke lè li fè deklarasyon ke yon bon Bondye lamou e mal pèsistan nan monn sa a pa kapab rekonsilye a, li pa gen mwayen pou defini “bon.” Ki estanda—ki otorite absoli—li kapab fè apèl pou detèmine sa ki “bon” oubyen “mal?”

Si “bon” se sa ki gànye apwobasyon piblik, enben li finalman senpleman yon opinyon. San yon otorite absoli ki gen dwa pou detèmine “bon” e “move” (“byen” e “mal”), enben sa ki “bon” senpleman sibjektif. Kilès ki detèmine definisyon “bon” li kòrèk, finalman?

Tankou apolojis kretyen Greg Bahnsen te deklare: “Filozofikman palan, pwoblèm mal la revele li se, konsa, yon pwoblèm pou enkwayan an li menm. Pou itilize agiman apati mal kont vizyon monn kretyen an, li dwe premyèman kapab montre ke jijman li a konsènan egzistans mal gen enpòtans—ki se egzakteman sa vizyon monn enkwayan li a pa kapab fè.”2

Konsa, definisyon “bon” e “move” yon enkwayan sibjektif e moralite li finalman relatif. Konsa, logikman, kòman yon moun konsa kapab fè yon akizasyon ke egzistans yon Bondye lamou e toupisan enkonsistan ak sa moun sa a detèmine se “mal” nan monn sa a?

Kounyeya yon enkwayan kapab toujou deklare ke kontradiksyon (mal e yon Bondye lamou e omnipotan) an egziste nan vizyon monn kretyen an (kote bon e move reyèl). Poutan, gen yon repons lojik pou defi sa a.

Bahnsen kontinye: “Si kretyen an prezime ke Bondye pafètman e konplètman bon—tankou Bib la mande nou fè—enben li angaje pou evalye tout bagay nan esperyans li nan limyè presipozisyon sa a. Konsa, lè kretyen an obsève evènman oubyen bagay move nan monn lan, li kapab, e dwe, kenbe konsistans ak sipozisyon li sou bonte Bondye lè kounyeya li fè konklizyon ke Bondye gen yon bon rezon moral pou mal ki egziste a. Sètènman Bondye dwe toupisan pou Li kapab Bondye; yo pa dwe panse Li akable oubyen kwensi ak mal ki nan inivè a. E Bondye’sètènman bon, kretyen an va pwofese—konsa nenpòt mal nou jwenn pa kontredi ak bonte Bondye. Se senpleman pou di ke Bondye pèmèt evènman move pou rezon ki rekòmandab e bon moralman nan volonte Li.”3

Nou wè sa nan pasaj tankou Ezayi 45:5–7: “Se mwen menm ki Senyè a. Pa gen lòt! Se mwen menm’sèl ki Bondye. Se mwen ki ba ou tout fòs ou atout ou pa’t’ konnen m’ lan. Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Senyè a. Pa gen lòt! Mwen mete limyè, mwen mete fènwa! Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote. Se mwen menm senyè a ki fè tou sa

Evènman krisifiksyon yo te move—men pou yon bon bi moral—delivrans lòm. “Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l’ la, dapre plan li te deja fè nan’tèt li. Nou menm, nou fè touye l’, nou fè yon bann mechan kloure l’ sou yon kwa. Men, Bondye fè l’ leve vivan ankò, li delivre l’ anba doulè lanmò a, paske se pa’t’ posib pou lanmò te kenbe l’ anba pouvwa li” (Travay Apot 2:23–24).

Gen anpil lòt evènman nan Bib la nou kapab konsidere e konprann bon bi moral yo. Men nan tan yo pa’t’ fè sans pou lèzòm fayib, ke Bondye se Bondye lamou e toupisan (Women 8:28).

Soufrans Jòb nan tan an te sanble pa’t kapab rekonsilye ak yon Bondye lamou (jis tankou lanmò bebe presye sa a ki mansyone anwo sanble ye). Poutan, non’sèlman Bondye te fè Jòb sonje ke li (Jòb) pa’t’ toujou la (lèzòm pa omnitanporèl, setadi pa’t’ toujou sou’tè a menm jan ak Bondye) e pa’t’ konnen tout bagay (lèzòm pa omnisyan), Bondye te konplimante Jòb pou lafwa li. E Jòb te aprann ke te gen anpil plis dèyè sa ki te rive li pou yon bon rezon moral ki ta anseye leson enpòtan pou plizyè milyon moun atravè epòk yo. Lanmò rele kòrèkteman “dènye lènmi” an nan Bib la (1 Korentyen 15:26).

Men nan yon fason dwòl, nan kontèks Chit Lòm lan, li se tou yon benediksyon pou ras lòm, finalman—piske san li, imanite pa ta gen okenn mwayen pou rekonsilye ak Bondye, e nou tout ta rete separe ak Bondye pou etènite.

Vwala sa ki esansyèl pou tout kesyon konsa, pa senpleman pwoblèm mal la. Èske nou mete lafwa nou nan Pawòl yon Bondye toupisan, ki konnen tout bagay e ki te toujou la? Oubyen èske nou plase lafwa nou nan pawòl lèzòm fayib ki pa konnen tout bagay, ki pa te toujou la, e asepte valè e panse imen sibjektif yo?

Published: 27 May 2008(GMT+10)