Explore
Also Available in:

Zèrik, Zourik, Bourik Zèb!

de David Catchpoole

zenkey-zonkey-zebra

Yon jaden zowolojik nan Japon ak fyète te anonse nesans yon ibrid bourik zèb, kote yo te dekri li kòm yon “zèrik”—yon istwa ke laprès1 ak eksitasyon te rekeyi e retransmèt atravè lemonn.

Nan reyalite, pitit yon mal zèb e yon femèl bourik pi òdinèman defini kòm yon “zourik”oubyen “zèbou,” oubyen menm “zèbras.” Men kit se zèrik, zourik oubyen zèbou, aparans ti pitit bourik sa a te koze yon eksitasyon nan Pak Nasu Safari (pre Tokyo nan peyi Japon).

“Lè nou kenbe animal èbivò san separe yo, bagay enkwayab la kapab rive,” Osamu Ishikawa, delege anchèf pak safari a, te di. “Yon bourik te plenn e tout moun’t’ap espere yon pitit bourik.”

Men gadyen yo te etone lè, nan Out 2003, yon ti bourik ak bann te fèt! Èske li te yon bourik, oubyen …? Li te gen zòrèy yon bourik, e bann kwaze nwa sou gawo2 li yo se karakteristik pitit bourik, men … bann sa yo!

Se pa premye fwa pitit demi zèb, ki’sòti nan femèl ki pa zèb, etone obsèvatè. Yon pone Chetlann (yon cheval ti tay nan lil Chetlann) te etone mèt Wayòm Ini li yo lè li te fè yon pitit demi zèb, demi cheval—yon “zèval” oubyen “zone.”3 Mèt yo anvan sa a te achte pone a nan yon pak sovaj, kote, tankou femèl bourik la nan Park Nasu Safari, li te nan yon chan ansanm ak yon mal zèb.

Abilite sa a bourik, cheval e zèb genyen pou kwaze ak yonn lòt endike yo tout se desandan menm “espès” orijinal kreye a, tankou li presize nan Jenèz 1.4 Sa ankò ede nou konprann ke Noye te bezwen bokou mwens animal nan Lach la pase sa septik deklare. Sèlman de animal (petèt pa cheval tankou nou konnen yo jodi a) te nesesè pou reprezante espès cheval ki te nan Lach5 la.

Kèk moun kapab diskite ke paske pitit ibrid souvan esteril, cheval, bourik e zèb dwe, poutèt sa, espès kreye diferan. Men definisyon sa a ale pi lwen pase’tèks biblik la—pèsonn pa ta di ke yon koup gason/fanm ki pa kapab fè pitit dwe poutèt sa espès diferan!

Enfètilite nan pitit ibrid kapab rive akòz reyaranjman kwomozòm. Chanjman (non-evolisyonè) konsa ki nan espès cheval la wè zèb jodi a ak 44 kwomozòm, bourik 62 e cheval 64—konsa milèt, pitit bourik e cheval, souvan esteril tankou yo fini ak 63 kwomozòm, ki teyorikman pa kapab divize tounen pè kwomozòm.

Poutan, rapò milèt fè pitit6 jodi a montre yo pa toujou enfètil, e demontre tou ke jenetik la nan ka konsa moun poko konprann li konplètman. Ibrid fètil okazyonèl tankou sa yo fòtifye ka ke tout espès Equus e pitit yo (milèt, zèval, zone, zèbou/ zourik nenpòt ki lòt non envante nou ba yo) se menm espès kreye a—desandan “cheval” yo ke Noye te lage apre delij la anviwon 4,500 lane pase.

Referans e nòt

  1. Zèrik pitit yon ibrid, Sydney Morning Herald, <www.smh.com.au/articles/2003/08/28/1062050609625.html>, 2 October 2003 Întoarcete la text
  2. Pati piwo do yon cheval, ki etann sou baz kou a anwo palèt do yo. Întoarcete la text
  3. Ibrid Zèb Chetlann, Creation 24(1):9, 2001. Întoarcete la text
  4. Batten, D., Lig and louchen—kisa apre? Creation 22(3):28–33, 2000; <creation.com/liger>. Întoarcete la text
  5. Nou asime ke Noye te konprann “bon pou manje” e “pa bon pou manje” menm fason ke Bondye pita te pase lòd bay Moyiz la (Levitik 11:3–4, 26; Detewonòm 14:6), yon’sèl pè “cheval,” pa’sèt, te nesesè (Jenèz 7:2). Întoarcete la text
  6. Milèt fè pitit, Creation 25(2):9, 2003. Întoarcete la text