Explore
Also Available in:

Yo Moke Kritikè Bwat Zosman Yo

de Jonathan Sarfati

Nòt editè a: Zosyè yo pale nan atik sa a se menm zosyè yo te dekri nan Seksyon Istwa nimewo novanm 2007 Semans Verite a.

Lane pase, nou te pale sou yon dekouvèt estrawòdinè—yon bwat zosman (zosyè) ki te make nan lang Arameyen: ‘Jak [nan reyalite Jakòb/Yaakob], pitit Jozèf, frè Jezi.’1 Sa te etonan, paske pandan non papa a te ajoute kèkfwa sou zosyè, yo pa’t’ konn mansyone konsènan yon frè. Sa siyifi frè a te dwe yon moun ra enpòtans.

Pwofesè Andre Lemè moun Pari, yon espesyalis nan enskripsyon ansyen, te afime ekriti a vrè, otantik. Prèv solid te enkli patin lan (depo ki fòme sou objè ansyen), paske sa te nan lèt yo tou, sa ki eskli tout manèv falsifikasyon modèn.

Sepandan, nou konseye kont eseye pwouve Bib la pa nenpòt akeyoloji ‘solisyon mirak,2 paske, tankou syans, sa se yon antrepriz1 lòm fayib. Nou p’ap janm kapab gen tout enfòmasyon an. E efektivman, tankou nou rapòte nan de nimewo pita, Otorite Objè Ansyen Izrayèl (OOAI) yo te rejte deklarasyon yo kòm yon manèv falsifikasyon.3 Pa egzanp, yo te deklare ke enkripsyon an koupe atravè patin lan. Tou, nan finisman jiyè, polis Izrayèl te arete mèt zosyè a, yon koleksyonè objè ansyen, Odèd Golan, kòm ‘sispèk’ manèv falsifikasyon.

Men kounyeya, yo moke kritikè yo! Doktè Lemè, nan Revi Akeyoji Biblik la, ke yo pa egzakteman konnen pou konsèvatis teyolojik, reprimande sevèman rapò OOAI4 a. Pou yon rezon, li te remake tandans klè antikretyen nan komite OOAI a, e yon mank nenpòt savan kretyen oubyen nenpòt savan Nouvo Testaman nenpòt lafwa. Tou, yonn nan espè prensipal yo nan komite a, Doktè Tal Ilan, pa’t’ kalifye nan enskripsyon grave oubyen paleyografi dapre pwòp deklarasyon li, kontrèman ak Doktè Lemè. Menm pi mal, manm komite OOAI a ki te yon espè, Pwofesè Woni Rik, te konkli:

“Li parèt ke chak nan karakteristik enskripsyon yo, tankou sa detaye anwo, e yo tout ansanm, san okenn esepsyon, endike yon enskripsyon otantik finisman peryòd Dezyèm Tanp (sitou premye syèk [apre Jezi Kris]).

Sepandan Doktè Rik te chwazi rejte prèv ki te’sòti nan pwòp domèn li an favè yon lòt deklarasyon ke patin lan te dekape pita. Men Doktè Lemè montre ke patin deklare sa a te senpleman rezilta netwayaj zosyè a, pandan ke patin otantik la te grave sou lèt yo. Sa te sanble pwoblèm lan ak komite a—dout yo te soulve yo te’sòti andeyò pwòp domèn espesyalite yo.

Yon lòt savan prensipal ki defann otantisite enskripsyon an se Doktè Ben Witèringtonn, pwofesè Nouvo Testaman nan Seminè teyolojik Asbouri.5 Li te soutni deklarasyon Doktè Lemè a, e montre tou ke polis Izrayèl anvan lontan te libere Golan, e poko pote akizasyon fòmèl kont li. Doktè Witèringtonn montre tou ke’tès iltravyolè montre ke enskripsyon an konfonn dwat fè yon’sèl ak sifas bwat la, sa ki sigjere ke li ansyen menm jan ak zosyè a li menm. Tou, fant, ki devlope diran syèk yo e ki plen ak depo, travèse kèk nan lèt yo. E ak etònman rapò OOAI a te admèt ke non ‘Jezi’ a kapab otantik, lè yo konsidere ke si yon bagay ta dwe fòje, nou kwè se ta dwe sa, pandan ke non moun zosman li yo te antere a (Jak) pa ta sa.

Nan konklizyon, prèv la montre otantisite enskripsyon an. Konsa, se sipò solid pou egzistans Jezi istorik la, e ke Li te gen yon’tèl enpòtans espesyal ke Li te dwe mansyone kòm yon frè sou yon zosyè. Men ankò, nou vle di ke lafwa yon moun pa dwe baze sou atifak men sou Pawòl Bondye a.

Referinţe şi note

  1. Down, D., Deklarasyon Jak yo: ‘Nouvo’ twouvaj sansasyonèl sigjere yon relik enpòtans istorik enkwayab, Creation 25(2):16–18, 2003. Întoarcete la text
  2. Ham, K., Rechèch ‘solisyon mirak’: Poukisa defansè kreyasyon sanble souvan twò rapid pou kwè ‘prèv’ pi resan yo? Creation 25(2):34–37, 2003. Întoarcete la text
  3. Kontwovès bwat zo ‘Jak’, Creation 25(4):7, 2003. Întoarcete la text
  4. Lemaire, A., Zosyè modèn, rapò Otorite Moniman Ansyen Izrayèl pwofondeman defòme, Biblical Archaeology Review, November–December 2003, <www.bibarch.org/bswb_BAR/bswbba2906f2.html>. Întoarcete la text
  5. Witherington, B., Zo kontestasyon: rezon ki fè mwen toujou panse bwat zo Jak la san dout otantik, Christianity Today, October 2003, <www.christianitytoday.com/ct/2003/010/2.42.html>. Întoarcete la text